Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 22/09/2025
38e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 38e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
Nan yon konferans pou Laprés 15 Septanb 2025 la,Minis Edikasyon an,Mr Augustin ANTOINE anonse yon seri de mezi ki déjà pran pou rantre lekòl la ,tankou :
- Seremoni ofisyél la kap fét nan Nòdés peyi a sou tém ‘’RESTAURER L’AUTORITE DE L’ECOLE’’.
- 000 paran ap benefisye yon ti chocho nan pwogram FAES la.
- Distribisyon kits eskolé ak 220.000 liv inik bay elév soti nan klas 1e pou rive nan klas 4eAF nan lekòl piblik ak prive ki nan tout peyi a.
- Mete nan chak depatman nan peyi a ton komisyon ETIK AK REDEVABILITE kap la pou resevwa doleyans paran ak elév kap sibi abi nan zafé kòb lekòl ak tout lòt abi yap sibi nan lekòl yo.
- 394 lekòl ap benefisye kantin eskolé pou anviwon 204.674 elév.
- A pati ane akademik 2025-2026 la,pyés elév 1e,2e ak 3e AF pa gen dwa double jan sa kon n fét anvan an.
- Yo prevwa reyabilite 118 lekòl piblik ak prive
Nap note ke anpil fwa bél pwomés fét se vre,men nou kon n pa wé akonplisman pwomés yo.
Mèsi.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.