Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 15 /09/2025
37e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 37e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
‘‘LES 3 PREMIERS LAUREATS EN 9e AF DANS LE DEPARTEMENT DE L’ARTIBONITE POUR L’ANNEE ACADEMIQUE 2024-2025’’.
Zanmi lektè,aprè piblikasyon rezilta ekzamen 9e AF pou ane akademik 2024-2025 la kote depatman Latibonite plase an 6e pozisyon avek yon pousantaj de 86.01 %, l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH)/DWA TIMOUN,jan li abitye fèl chak ane a,ap prezante ou 3 premye loreya pou depatman Latibonit la.
Mwen dwe salye kolaborasyon tout ekip Direksyon Depatmantal Edikasyon an ,sitou Direktè Didier PIERRE ki toujou kolabore avek OECH nan travay sa.
1-Widlove CORVIL,se yon fi ki se premyè loreyat pou depatman avek 2379 pwen,mwayèn 8.81,ecole Pierre Larousse des Gonaives
2-Leonce DASHKA,ankò yon fi,li totalize 2357pwen,mwayèn 8.73,Intitution Mixte Cindy-Owens des Gonaives.
3-Leclerc CHARLES,yon gason ki totalize 2315 pwen,mwayèn 8.57,Institution Mixte le Canado de St Marc.
Remak :
- Ane 2024 la yon fi te premyè loreyat pou Latibonit,ane 2025 la yon fi ankò premyè
- Ane 2024 la sou 10 premye loreya yo te gen 8 fi selman 2 gason pou Latibonit,ane 2025 la genyen 5 fi 5 gason.
- Felisitasyon a Intitution Mixte Cindy-Owens des Gonaives.non selman li bay 2 loreya pou depatman an,men 10 premye loreya yo li bay 6
- Nan 10 premye loreya pou depatman Latibonit la,vil Gonayv kòm chèf lye depatman an bay 8,vil Sen Mak kòm 2e vil nan depatman an bay 2.
Mèsi.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH
Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.