Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ouGonaives,le 25/08/2025

34e Edition de KOZE TIMOUN

         Byenvini zanmi lektè nan 34e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

        Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

    Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

‘‘YON ANE LEKÒL AVEK 186 JOU DE KLAS’’, se sijè sa nap devlope jodi a.

Zanmi entènot nou yo,chè paran,depi aprè ekzamen ofisyèl yo,tout moun :paran,elèv tankou pwofesè tap prepare zorèy yo pou tande ki dat otorite edikativ yo ap anonse rantre lekòl la pou ane akademik 2025-2026 la.

Li ta pra l yon sipriz pou anpil moun ,lè a travè yon kominike de Près nimewo 1 edikasyon an nan peyi Dayiti,Mr  Augustin ANTOINE anonse rantre lekòl la fikse pou premye Oktòb 2025 e li presize ke ane lekòl la ap genyen 186 jou de klas.

Yon ane lekòl avek 186 jou de klas,senp sitwayen tankou pwofesyonèl nan edikasyon divize sou kesyon sa .Gen ladan yo ki panse kantite jou sa a se yon bon desizyon,sitou lè yo konpare 186 jou a avek kek lòt peyi,gen nan yo ki estime ke 186 jou a ideyal paske peyi Etazini  genyen an mwayèn 180 jou de klas la ak kek lò peyi tankou :

  • Ozetazini ,pa egzanp,kek Eta gen an mwayèn 180 jou de klas.
  • Lafrans gent ou anviwon 18 jou klas ,men ak lis èdtan pa jou anlis..
  • Jaon,li men m ,dease 2 jou klas chak ane.

Nan yon mikwo twotwa òganizasyon OECH/DWA TIMOUN te reyalize sou 186 jou de klas pou ane akademik 2025-2026 ,plizyè paran te eksprime opinion yo sou sa ,gen kèk ki di yo pa gen okenn pwoblèm ak 186 jou a,men depi plizyè ane ,gen kote nan peyi a TIMOUN yo kon n pa jwen n chans pase men m 100 jou de klas akoz enstabilite,ensekirite,oswa move kondisyon lavi,elatriye.

Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

       Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.