Droits de l'Enfant Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou

Gonayv,le 01/09/2025

35e Edition de KOZE TIMOUN

        Byenvini zanmi lektè nan 35e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

       Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

        Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

‘‘TIMOUN YO ANKÒ’’, se sijè  tris sa nap devlope jodi a.

Zanmi entènot mwen  yo,chè paran, se chak jou ki jou ,sou tout planèt tè a TIMOUN yo akspoze anba dange .Anpli fwa yo te ka epagne anba dange sa yo,malerezman ,vilnerablite yo koz yo viktim.

Kom nou konnen déjà ,tout sa ki konsène TIMOUN,entèrese otomatikman nou men n nan Organisation des Enfants Enfants Haitiens (OECH), OECH,e  nenpoòt kote li pase nan mond lan. Mwens yon mwa aprè tragedi ki te pase nan peyi Dayiti,sitou nan Gonayv ( 4e seksyon ) kote yon kouzen touye pwòp kouzen li anba kout kouto,se tou tou peyi Etazini,kote gen yon fiziyad ki lakoz 2 TIMOUN,yon n 8 tan ak  yon lòt ki genyen 10 zan pèdi lavi yo epi  anviwon 17  lòt ant 6 a 15 zan blese .

Dram sa pase nan peyi Etazini Mèkredi ki te 27 Dawout 2025 la nan yon lekòl katolik ki nan Menneapolis/Mennesota ,nan yon mès selman 2 jou aprè rantre lekòl la lakay tonton Trump.Se yon fanm transjan (transgenre) ki gen 32 zan ki komèt krim sa daprè FBI e ki ta pral touye tèt li tou aprè.

Robert se non moun ki komèt krim nan.Plizyè dokiman jidisyè ke AFP konsilte,Robert se yon ti gason,sou konplisite manman li,li change non li  a 17 tan  epi fonksyone tankou fan m nan tout sans.Se sa ki fè yo  pale de yon fan m transjan (transgenre) .Aprè dram nan,prezidan Donald TRUMP pale avek Magistra Mennesota  a epi li pase lòd pou monte drapo a demi ma.

Nan sans ,L’Organisation des Enfants Enfants Haitiens (OECH),senpatize li  avek pèp ameriken an,sitou paran TIMOUN ki mouri yo andan ke lap swete bon retablisman ak sa yo kap pran swen lopital.

 

Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

       Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.