Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 22/12/2025
51e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 51e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN
‘’ VENTE SIGNATURE DE LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026 ’’ A PLAISANCE ’’,
Zanmi lektè , jan sa te deja anonse a, VENTE SIGNATURE LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026 ’’ te rive fèt Dimanch 21 Desanb la nan depatman Nó a sitou nan legliz Wesleyenne Samari de Plaisance (Pasteur Dieufaite LIBERICE) .Se Vis prezidan Ligue Pastè Plèzans la (Pastè Josuè TELFORT) ki te pran lapawól nan non Ligue la .Menm jan ak ane pase,responsab PROJET-HA-0211 pran plizyè douzèn pou TIMOUN ki nan pwojè a.
Nan moman prezantasyon liv la,menm jan ak Gonayv ,paran,pwofesè lekól tankou ,monitè dimanch te poze kesyon e yo te montre satisfaksyon ak repons yo te jwenn yo.Prezidan Ligue des Pasteur de Plaisance la,Pasteur ,Pasteur Berttrand ORTILIEN ki,nan yon dyalóg telefonik ki te montre li favorab ak pwojè a,pwiske kèk lót pwogram ap anpeche li prezan,te kite pou Vis Prezidan ligue la reprezante li.Efektifman ,Vis Prezidan an (Pastè Josuè TELFORT) ki te reprezante Prezidan an valableman ,aprè li te fin feyte dokiman an, te lanse anpil pwopo elojye paske TIMOUN yo vin gen pwóp liv ‘’LEKÒL DIMANCH ‘’ yo,e li menm pran angajman pou li fè pwomosyon pou LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026 ’’.
Pou kounye a,li rete nou St Michel ak Gros-Morne pou VANT SIYATI pou fen ane 2025 la.Men kèk kote nap jwenn LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026 ’’ annatandan :
Gonayv : Biwo OECH (Asifa)Univers Papètri, (DKO),Doxa Papètri ( Dat).
Plaisance :Biwo legliz Wesleyèn Samari
St Michel :Radio Salem ,Biwo legliz Metodis Lib.
Gros-Morne :Biwo Ligue des Pasteur de Gros-Morne.
Tout lót kote nan peyi a,annatandan nou rive ,rele Pasteur Dufeu MINISTRIES nan 4273-4760/3764-7217.
A swiv
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH