Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv.le 15/12/2025
50e Edition de KOZE TIMOUN
Zanmi lektè,aksepte pou m kòmanse avèk ekspresyon sa : ‘’promesse tenue’’.
Jan nou anonse epi pwomèt li a,jan sa te gaye sou tout rezososyal yo,efektivman PREMIERE VENTE SIGNATURE ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026 ’’ rive fèt nan vil Gonayv Samdi ki te 13 Desanb 2025 la nan maten.Se te yon anbyans ekstraòdinè.Pat genyen sèlman pastè ak lòt moun legliz ki te prezan,men te genyen moun nan tout kategori sosyal ki te prezan tankou :moun ki nan,edikasyon, lajisti,komès,sante ,pou m site sa yo sèlman.
Nan deba yo,pandan prezantasyon liv la,non sèlman te gen kesyon,men patisipan yo pat mete dlo nan bouch yo pou eksprime satisfaksyon yo pou fason dokiman sa prepare selon yon plan metodolojik apwopriye ki genyen : Dat,nimewo leson an,sijè,tèks dò,lekti,objektif,entwodiksyon,plan,devlopman,konklizyon,nòt pou monitè ,kesyon ak repons.
Pou rès ane 2025 la. vant siyati ‘’ LESON DOMINIKAL POU TIMOUN No.3/2026’’ pou fen ane 2025 la :
1-Plaisance:Dim 21 Dec.2025 ,Eglise Wesleyenne Samarie a 4h PM
2-St Michel :Samdi 27 Dec.2025,Eglise Methodiste Libre a 8h AM.
3-Gros-Morne,Dimanch 28 Dec.2025,Eglise Chretienne,4h PM.
Mèsi.
Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH