Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :
MON CASH : 3764-7217 NATCASH: 4273-4760
Le w fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.
Gonayv,le 19/10/2026
42e Edition de KOZE TIMOUN
Byenvini zanmi lektè nan 42e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2026 lan.
Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN .
Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,ki prepere epi prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu), chak semèn.
‘‘LA PEDAGOGIE DECROLY’’ (swit), se sije nou pou jodi a.
Zanmi entènot,, jan mwen te deja di sa semèn pase,gran pedagòg, medsen,sikològ Bèlj , Jean Ovide Decroly chita pedagoji li a sou 4 gwo poto ki se :la globalizasyon,sant enterè TIMOUN nan,enpòtans milye natirèl TIMOUN nan ak lekòl kòm yon atelye.
An nou gade chak presip sa yo yonn aprè lòt :
- La globalizasyon :se sa teknisyen nan edikasyon yo rele aktivite global :pou TIMOUN yo, tout bagay fè yon sèl,se aprè li ka entèrese ak detay yo.Se sa ki fè,metòd Decroly a aprann TIMOUN yo li ak ekri pa mwayen fraz antye ki gen sans pou yo,anvan yo dekouvri lèt ak silab yo.Se sa ki rele metòd global la.
- sant enterè TIMOUN nan:pou Decroly,aprantisaj la dwe fèt otou de bezwen fondamantal TIMOUN nan,sa vle di vrè bezwen oubyen bezwen imedya TIMOUN nan (manje,pwoteksyon ak jwèt li).Pou Decroly,olye yo ta separe matyè yo,pito yo ta regwoupe yo nan yon sèl gran tèm ki entèrese TIMOUN nan tout bon.Se sa li rele :yon sant enterè pou TIMOUN nan.
Nan pwochèn edisyon an ma va wè avèk nou 2 lòt prensip yo ki se : l’importance du milieu naturel de l’enfant et l’ecole comme un atelier.
Mèsi !
Eveque Abcèste DACEUS,President de l’OECH
Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 oubyen ekri nou nan : oech2001@gmail.com.
Men kèk kote nap jwenn liv la toujou :
- Gonaives:Univers Papaterie (DKO),Le bureau de l’OECH (Aciphar),Doxa librairie 9Rte des Dates)
- Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne
- Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,
- Ouanaminbth : Ligue des Pasteur de Ouanaminth
- St Michel :Radio Salem
- Port-dePaix :College Evangelique Emmaus de Portde-Paix
- Coridon :Biwo Pwojè HA-0721 de Corridon ,
- Enri :Biwo Pwojè HA-718