Droits de l'Enfant Information Koze Timoun Media Santé

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

 

Byenvini zanmi lektè nan 26e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

        ‘‘3 TIMOUN MOURI YON SEL KOU NAN YON AKSIDAN ’’, se sijè tris sa nap devlope jodi a..

Zanmi lektè, l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH), DWA TIMOUN vle raple w sa :chak fwa nan yon sosyete ,dirijan yo a asisme resonsablite yo,sa toujou gen gwo konsekans sou popilasyon an, e se toujou TIMOUN yo ki se lis viktim,direkteman ou endirekteman.Se sa ki fè OECH ap kontinye mande  (mizik     GRAS OU TIMOUN YO.

Mèkredi ki te 25 Jiyè 2025 lan,la ville des Gonaives a été le centre d’un evenement dramatique,sitou nan zon Pon Goden,kote gen yon tèrib aksidan ki ta pral pwovoke yon tèrib ansandi, e sa ta pral koz plizyè moun pèdi lavi yo,pami 3 TIMOUN ,pitit yon sel manman.

OECH kondane enèjikman la fason don 3 TIMOUN sa yo pèdi lavi yo,mwen vle pale de 3 minè sa yo ki genyen respektivman 14,11 epi 10 zan.Eske yon moun ka imagine ki sa kap travèse manman sa ?Se tankou plis pase yon Jan,yon Ana ak Aik pou nou men m ki Gonayv e se ta va plis pase yon Goudougoudou pou moun Pòtoprens.

OECH ap swete koukag ak tout fanmi an,sitou ak Roselande CICERON,manman TIMOUN yo pandan ke OECH ap mande ak Leta Ayisyen pou bay Mme Roselande tout akonpagneman posib ,men dabò akonpagneman psikolojik.

Pou fini ,OECH ap fè 4 rekòmandasyon sa yo :

1-Fòk otorite yo pa kite pwa lou antre nan vil la pandan lekòl ap antre ;

2- fòk vil la gen machine ponpye pou limite dega sa yo ;

3- fòk otorite lokal yo byen sèvi ak materiel enpòtan sa yo;

4-fòk moun Gonayv sispan n nan boule materyèl ak biwo Leta yo pou nou pa kontinye viktim,paske materyèl ak biwo Leta yo se nou wap sèvi malgre neglijans ak movèz fwa anpil nan otorite lokal yo.

Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.