Droits de l'Enfant Éducation Information Koze Timoun Media

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                           

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 11/08/2025

32e Edition de KOZE TIMOUN

        Zanmi lektè,se tout moun,paran kou elèv ki te genyen zòrèy yo a la twonp pou te tande ki dat otorite edikativ yo tap bay pou antre lekòl la.,ebyen finalman ,li tonbe.

Nouvo Minis Edikasyon Nasyonal la,Mr Augustin ANTOINE deside retounen avek rantre lekòl mwa Oktòb la paske li estime ke TIMOUN yo ap gen plis tan pou yo repoze epi apran n yon metye manyèl tankou jan OECH bay TIMOUN yo posibilite sa epi tou paran yo ap gentan rale yon ti soup anvan yo rekomanse avek lekòl TIMOUN yo.

Nan yon kominike de Près ki pibliye Jedi 7 Dawou 2025 lan,li klèman presize ke lekòl la ap ouvè Mekredi kap 1er Oktòb 2025.Nan men m kominike de Près sa,yo anonse ke ane akademik 2025-2026 la ap genyen 186 jou de klas ak 11 jou konge.Pou TIMOUN Prekolè yo ap genyen 844 è pou yo pase lekòl,930 è pou TIMOUN fondamantal yo epi TIMOUN ki nan segondè yo ap genyen pou yo swiv 1116 è de kou.

MENFP anonse tou ke yap genyen pou yo akonpagne paran ak elèv sitou ki nan 3 depatman ,pami yo depatman Latibonit.

Mèsi.

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

       Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /NO.2’’ ke nap jwen n :nan Gonay :Univers Papateri,Le bureau de l’OECH,Radio Celeste FM,le bureau de l’AEH,Doxa librairie ,nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,St Michel :Radio Full Power,Pasteur Ananias Jules.Desdunes :Eglise Porte Parole du Maitre,Marmelade :Ligue des Pasteur de Marmelade,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,librairie le Logos de St Marc.