Droits de l'Enfant Éducation Formation Information Koze Timoun Media Réligion

Sipòte KOZE TIMOUN silvouplè nan fason ou kapab paske ou konnen nou pat jan m kon n mande sipò ou :

MON CASH : 3764-7217                        NATCASH: 4273-4760                            ZELL          :5 61-889-6666

Le w  fi n fè depo a, voye yon ti mesag whatsapp pou nou nan nimewo sa : 4273-4760 pou nou ka REMĒSYE ou.

Gonayv,le 05/01/2026

1ere Edition de KOZE TIMOUN

          Byenvini zanmi lektè nan 1ere  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2025 lan.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

         Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN

         Koze TIMOUN, se yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) ,prepere et prezante pa Pasteur Abcèste DACEUS (Pasteur Dufeu) chak Lundi ak Vendredi 9h15 nan aswè sou Radio Vision 2000 (98.1) rezo Latibonit la ak sou  Chanèl  Youtube epi sou paj FB   l’OECH la ak  sou sit Web de l’OECH ki se  www.oech.org ,ak sou anpil lòt Radyo.

‘         ’ KÒMAN TIMOUN YO TE PASE ANE 2025 LA E KÒMAN NOU SWETE YO PASE ANE 2026 LA’’, se sijè entèresan sa nap devlope jodi a.

Zanmi mwen yo,jis avan mwen antre nan sijè a aksepte mwen pataje tèm ane 2026 la avèk nou ,jan nou tout ap tan n sa paske sa toujou fèt chak ane.

‘’ET POURTANT . . .(Job 1 :13-22),se tèm ane 26.Generalement,l’expression ‘’ET POURTANT ‘’ marque/traduit  une opposition.Yon sitiyasyon kontrè wap viv selon vrè reyalite a.Selon pasaj biblik nou site a,Bondye tap obsève Job ki  tap viv yon moman difisil nan lavi li,men li pat janm pèdi lafwa.Se nan kontèks sa nou tire tèm ane 2026 la : ‘’ET POURTANT . . ‘’ e nap ajoute ‘’DIEU EST LA’’.Menm jan,malgre tout peripesi ,Job ta pral konnen siksè,men m jan an tou,malgre jan bagay yo ye,TIMOUN ak tout paran yo konnen siksè.Nan sans ss OECH ak tout KOZE TIMOUN swete ane 2026 la se yon ane siksè pou nou nou tout e pou nou chak nan non Jezi Kris de Nazarèt.

Map pwofite salye epi felisite tout moun moun ki montre atachman yo ak pwogram sa,sitou anpil moun,TIMOUN kou granmoun ki toujou ap di kóman yo edifye e menm satisfè de KOZE TIMOUN.

Mwen retire chapo pou m salye gwo gason sa ki se mesye Lele ak Direktè Salomon Alfred ki fè KOZE TIMOUN sa li ye jodi a ak Radio Vision 2000 rezo Latibonite la,Pastè Joe ak Radio Piscine,DG Woz ak Radio Decibel,DG Frantz R L.ak Radio Celeste FM,Radio Antenne Continentale,emission Connexion,Radio Source Spirituelle,Mt Dejean Jeudy ,pou m site sa yo selman.

Pou nou antre nan sijè jodi a ki se : ‘’ KÒMAN TIMOUN YO TE PASE ANE 2025 LA E KÒMAN NOU SWETE YO PASE ANE 2026 LA ?’’

An reyalite,ane 2025 la te yo ane tèt chaje paske te gen anpil bagay grav te rive TIMOUN yo :byen bonè nan ane 2025 la te genyen altèkasyon ant TIMOUN kolèeg yo ak TIMOUN lise yo ,yon ti elèv 14 zan ta pral ansent pou pwóp direktè lekól li,ti bebe yo lage nan dife, TIMOUN yo vyole seksyèlman ,manman ki touye pwóp pitit li anba kout kouto,papa ki ansent pwóp pitit li ki geneyen sèlman 11 zan, elèv lekól ki touye kamarad li nan fè jalouzi paske yo gen men tiboubout ,se tout bagay sa yo ak anpil lót ki te domine ane 2025 la kote TIMOUN yo.

Nou swete pou ane 2026 la pote siksè pou TIMOUN yo,men pou sa rive fèt,fók tout aktè yo jwe wól yo :fók paran yo montre yo plis reponsab,fók direktè lekól yo ak pwofesè yo montre yo genyen plis moralite ak etik,fók TIMOUN yo aprann konnen se TIMOUN y oye,gen bagay ki pa pou yo,fók otorite yo songe lajistis la reprezanpa pa yon fanm ak ge bande,sa vle di li pa wè klas sosyal ak politik moun.Gen nèg ki fin vyole TIMOUN nan ,aprè 2 jou ou wè nèg la nan lari,fók popilasyon an generalman remonte ak valè lontan yo.

 

 

Mèsi!

, Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

 

Pa bliye retire liv lekòl dimanch pou TIMOUN yo ki se ‘’LESON DOMINIKAL POU TIMOUN /No.3/2026’’  nap jwen n :

1-Nan Gonay :Biwo OECH (Asifa) ,Univers Papaterie (DKO),Doxa (Wout Dat)

2-Nan Gros-Morne,bureau Ligue des Pasteurs de Gros-Morne,

3-St Michel :Radio Salem

4-,Plaisance :Eglise Wesleyenne Samarie,

5-Ouanaminth,Ligue des Pasteur de Ouanaminbth,

6-Port-de-Paix :Eglise Baptiste Conservatrice de Port-de-Paix