O E C H

Amour=Joie

Our Mission: Food, Education, Medicine

”ENPOTANS KAN N POU TIMOUN YO”

     Gonayv,le 18/12/2023

51e Edition de koze timoun-lundi 18 Decembre 2023

Byenvini zanmi lektè nan 51e edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2023 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’L’IMPORTANCE DE LA CANNE A SUCRE POUR LES ENFANTS’’,se sijè sa nap devlope jodi a..

Anvan m’ale pi lwen,canne a sucre la se sa nou rele an kreyòl ‘’KAN N’’ nan ,men non syantifik li se ‘’SACCHARUM OFFICINARUM’’, ki se yon plant monokotiledòn (monocotyledone) ko yo kiltive nan regyon tropikal yo,tankou nan Amerik di Sid ,sitou peyi Brezil ki se premye peyi yo kiltive plant sa nan mond lan pou premyè fwa nan ane 1504.Yo vi n jwen n li nan peyi Azi yo tankou End,Lachin ak Ostrali epi nan peyi Amerik di Nò (Amerique du Nord).Men nan peyi Dayiti se te sitou avek HASCO ou te kon n jwen n anpil ‘’KAN N’’ nan Leogane,Plèn di Kildesak (Cul de Sac) ,Akayè (Arcahaie) .Apre sa ou te kon n jwen n anpil ‘’KAN N’’ tou Gwomòn (Gros-Morne) ak Senmichel (St Michel) nan Latibonit.

Generalman,etid yo revele ke kilti ‘’KAN N’’ nan (Canne a Sucre) pratike nan anviron 100 peyi nan mond lan .Se yon fason pou montre ou koman ‘’KAN N ‘’ se yon kilti ki genyen inpil enpòtans.Jodi a nap selman wè ki enpòtans ‘’KAN N’’ genyen pou TIMOUN yo.

Nitrisyonelman,’’KAN N’’ nan bon anpil pou TIMOUN yo paske li genyen anpil glisid (glucide),potasyòm,magnezyòm,fosfò, pou m site sa yo selman.Nou konnen ki valè eleman sa yo genyen pou TIMOUN yo.’’KAN N’’ nan kapab pwotege TIMOUN yo kont tous,movèz alè n ak kari dentè.Li ran n zo TIMOUN yo pi byen devlope,li ka ede cheve TIMOUN yo pouse gras ak vitamin A,C,B12 ke li genyen.Li ka konbat mak sikatris sou pou TIMOUN nan,li ka idrate po TIMOUN nan,li ka ede TIMOUN nan fè bon digesyon sitou ak kantite de potasyòm ki genyen nan ‘’KAN N’’ nan.

A kote de tout sa nou ke nou di la,kote yo kiltive ‘’KAN N’’,paran yo van n li pou peye lekòl TIMOUN yo,voye yo nan doktè,elatrye.Mete sou sa TIMOUN yo renmen mange ‘’KAN N’’ akoz de gou sikre ke li genyen.Li bay TIMOUN yo enègi ak nitriman nesesè pou kò yo.’’KAN N’’ telman enpòtan pou TIMOUN yo,yo rekomande men m fan m ansent yo ka mange yon bout ‘’KAN N’’ chak jou depi premye jou ansent lan paske lap bon ni pou manman an ni pou tibebe a,men pa mange li ni twò bonè nan maten ni twò ta nan aswè.

Chè paran,pou enpòtans ‘’KAN N’’ genyen pou TIMOUN yo,men m lè nou ta di ke nou pa ka ba yo li chak jou,men mwen ankourage nou pa kite TIMOUN yo pase omwens yon semèn pou nou pa ba yo yon bout ‘’KAN N’’ pou yo mange,paske ankò ,li bay enègi ak nitriman nesesè pou kò a men m pou ou men m ki granmoun.

Aswiv

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH

Mini Cart 0

Your cart is empty.