Droits de l'Enfant Information Koze Timoun

Gonayv,le 11/03/2024

11e Edisyon de KOZE TIMOUN

          Zanmi lektè,bonjou/bonswa e byenvini nan  11e  edisyon de KOZE TIMOUN pou ane 2024 a.

Koze TIMOUN, se yon kronik ebdomadé ki soti chak Lendi sou reyalite TIMOUN yo,se sitou yon pwodiksyon de l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) .

’’YON MANMAN TOUYE PWOP PITIT LI KI GEN SELMAN 8 MWA’’,se  sijétris  sa nap devloiope  jodi a.

Chè lektè,nan l’Organisation des Enfants Chrétiens Haïtiens (OECH) nou makonnen avek eslogan sa ki di : ‘’An nou di :wi pou TIMOUN,paske :TIMOUN se moun,TIMOUN jodi :granmoun demen’’.Se yon fason pou montre enpòtans TIMOUN yo nan sosyete a epi reklame DWA lavi pou yo nenpòt kote yo ye sou latè.

Koman nou ka rive konpran n pou yon manman rive touye pwòp pitit li genyen selman 8 mwa ?Tragedi sa pase nan  Vil Santiago an Repliblik Dominikèn,lakay vwazen an,kwak se yon Ayisyèn.Se yon koup miks(mixte),sa vle di mari a se yon Dominiken ki rele Alfredo Epi madan m lan se you Ayisyèn ki rele  Elvaris Malerezman ,se ti lèzanj lan ki pwal viktim nan pwoblèm  mesye dam yo .Li ta sanble ke madan m lan tap fè ti pye lègè sou mesye a e men m tante touye msye plizyè fwa.Lè msye komanse sispèk sa,li deside kraze relasyon avek manzè,e efektivman msye kite.ko m metòd oubyen estrateji madanm lan chwazi pou fòse mesye a retounen avek li,se maltrete ti bebe a,ba li gwo kou.Lè l wè mesye a pa deside retounen avek li vre,yon jou li deside pase tout  rag sou TIMOUN nan,li kale l jiskaske li touye l.Kidonk,manman an touye pwòp pitit li ki genyen selman 8 mwa anba kou.

Papa pitit sa ki santi li paka sipòte bagay sa,te oblige chache chemen lajistis.Nan deklarasyon papa a ,li di : ‘’se pa pou premyè fwa manman an  maltrete pitit la konsa,li kon n ba l gwo kou déjà men m nan tèt e li te men m rive lage pitit la yon ravin lè bebe a te gen 7 mwa.Manman krab la ,pou l defan n li li di : ‘’se pandan lap bay pitit la tete,pitit la sot tonbe nan men li ’.

Mezanmi,yo toujou di manman toujou prè pou mouri pou/avek pitit li,men manman sa rive touye pwòp pitit li.Elvariste se yon eksepsyon a règ la,e li oblige ap mange prison.

Medam,pitit nou se pitit nou,nou pa genyen pou nap maltrete TIMOUN nan sou preteks pou mari a ka tounen avek nou jiskaske pou nou ta rive touye TIMOUN nan..Epi tou,si w te renmen mari a ,ou ta mennen bak ou byen,ou pa tap nan fè pa chat/pa chyen sou mari a e men tante ttouye li a plizyè okazyon !

OECH ap mande Jistis pou TIMOUN yo !

 

Pou tout komantè ak sijesyon ,konpoze :(509) 4273-4760 /3764-7217 ou ecrivez-nous a oech2001@gmail.com.

 

Pasteur Abceste DACEUS,President de l’OECH